ADM #2020-01R2 Sèvis Prevokasyonèl

Sèvis Prevokasyonèl prepare moun ki gen andikap devlòpmantal pou travay peye oswa aktivite kominotè ki gen sans, tankou volontè. Memorandòm Direktiv Administratif sa a (ADM) ap chèche dekri kijan sèvis prevokasyonèl yo te reamenaje pou enkli nouvo kondisyon pou livrezon sèvis ak dokimantasyon. ADM sa a, ADM #2020-01R, revize ADM #2020-01 pou fè kèk revizyon klarifye. Revizyon sa yo souliye ak an italik anba a epi yo efikas retwoaktif jiska 7 mas 2020.