ADM#2021-04 Dokimantasyon Sèvis pou Sèvis Teknoloji Asistans, E-MOD, ak Sèvis V-MOD Bay Moun ki Enskri nan OPWDD HCBS Waiver

Memorandòm Administratif sa a dekri egzijans dokimantasyon sèvis Teknoloji Asistans (AT), Modifikasyon Anviwònman (E-Mod), ak Modifikasyon Veyikil (V-Mod) ki sipòte yon reklamasyon peman Medicaid oswa leta.