Balanse Dwa pou “Aksè a Manje” ak Pwoteksyon pou Moun ki nan Anviwònman Kay ak Kominote.

Biwo pou Moun Andikape Devlopman yo (OPWDD) ak founisè ki nan sistèm OPWDD la ap aplike egzijans Sant pou Sèvis Medicare ak Medicaid (CMS) pou Anviwònman Sèvis Lakay ak Kominotè (HCBS) nan règleman federal seksyon 42 CFR. 441.301(c)(4), ak règleman OPWDD Planifikasyon ki Santre sou Moun ki nan pati 14 NYCRR 636-1. Dapre egzijans sa yo, tout moun k ap resevwa sèvis HCBS Waiver gen dwa pou yo satisfè bezwen yo, preferans yo ak objektif yo nan yon fason ki respekte dwa yo epi ki maksimize endepandans yo, chwa yo ak entegrasyon nan kominote a. Yo dwe fè efò pou ankouraje ak pwoteje dwa moun lè yo bay sèvis yo. Li enpòtan pou anplwaye yo resevwa fòmasyon konsènan dwa moun yo ak egzijans ki aplikab ki gen rapò ak modifikasyon dwa yo kòm yon pati nan pwosesis planifikasyon ki santre sou moun.