Me 6, 2026

Selebrasyon Semèn Nasyonal Enfimyè yo Me 6-12

Chè Zanmi ak kòlèg yo,

Ane sa a, Asosyasyon Enfimyè Ameriken an selebre 130 ane ap dirije epi fè pwofesyon enfimyè a avanse. Nou chak te benefisye de travay yo. Kèlkeswa pati nan sistèm swen sante nou an w ap kominike avèk la, ou ka sèten ke enfimyè yo la, ap dirije, ap pwoteje dwa nou yo, epi ap bay swen avèk konpasyon. Sistèm OPWDD nou an pa t ap ka fonksyone san yo. 

Nan OPWDD, nou anplwaye dirèkteman plis pase 1,000 enfimyè nan tout eta a, tankou Enfimyè Pratik Lisansye, Enfimyè Anrejistre, Enfimyè Kontwòl Enfeksyon, Enfimyè Sante Mantal Kominotè, Administratè Enfimyè, ak anplwaye enfimyè tanporè ak a tan pasyèl. Anpil plis enfimyè travay pou moun ki konte sou sistèm sèvis nou an lè yo sèvi kòm anplwaye nan founisè san bi likratif nou yo ak nan pratik swen sante prive.

Jodi a se Jounen Nasyonal Enfimyè yo epi se kòmansman ofisyèl Semèn Enfimyè yo. Si ou wè kòlèg enfimyè ou yo jodi a oswa si ou rankontre yon enfimyè nan kominote w la, tanpri pran yon moman pou remèsye yo pou diferans yo fè nan lavi nou. Enfimyè se pa yon travay fasil. Pou tout enfimyè nou yo andedan ak deyò sistèm nou an, nou wè konbyen nou fè, e nou vrèman rekonesan. Mèsi.

Sensèman,

Komisè Willow Baer