Me 26, 2026

Vin jwenn nou nan Inivèsite Stony Brook pou yon fèt pou gade koup di mond aksesib tankou okenn lòt!

Jwenn tikè gratis ou yo pou Eksperyans Gade Koup Mondyal la nan Nouyòk an jen 12 KOUNYE A

OU ENVITE!
Pou fèt "Watch Cup World Party" nan Nouyòk vandredi, jen 12 

Chè Zanmi ak Kòlèg,

Eta Nouyòk la ap planifye yon Eksperyans Koup di Mond ki pa gen parèy e li fè anpil efò pou rann eksperyans koup di mond lan aksesib e enklizif pou moun tout kapasite ak tout kouch sosyal ka pwofite de sa Gouvènè Hochul te byen rele yon "opòtinite ki fèt yon sèl fwa nan yon jenerasyon pou New Yorkers ".

OPWDD ap mete tèt ansanm ak lòt ajans leta yo ak Special Olympics of New York pou ofri aktivite enteresan ak familyal pou jou match la nan mwa jen 12.

Apati 1 PM, OPWDD pral òganize yon tant sansoryèl epi Special Olympics pral òganize klinik konpetans foutbòl sou bèl teren Stony Brook la.

Men, pral gen anpil plis bagay pou ou fè eksperyans ak jwi nan evènman sa a, kit lapli kit solèy.  Vin jwenn nou ansanm ak plizyè milye lòt moun New Yorkers pandan n ap gade match an dirèk sou gwo ekran deyò, pran plezi nan amizman, epi selebre jwèt mondyal la ansanm!

jwenn tikè gratis ou yo jodi a

Tanpri vin jwenn nou pou eksperyans koup di mond lan nan Nouyòk.

Vandredi, jen 12, 2026
 Inivèsite Stony Brook
Match:
Kanada kont Bosni ak Erzegovin - Gwoup B – Estad Toronto
Etazini kont Paragwe - Gwoup D – Estad Los Angeles
 

Pòt yo ouvri a 1 PM

Aprann tout bagay sou evènman kominotè nan Nouyòk

vizite sit ofisyèl koup di mond lan nan eta Nouyòk

"Òganize koup di mond lan se yon opòtinite ki rive yon sèl fwa nan yon jenerasyon pou New Yorkers, epi n ap fè evènman klas mondyal sa a vin pi abòdab e aksesib posib." 
Gouvènè Kathy Hochul 

Li kominike pou laprès gouvènè Hochul la

Balon foutbòl ak logo diferan peyi. Tèks: Tikè gratis pou 2026 World Cup Watch Experience