Rezime OPWDD konsènan dwa konfidansyalite w yo

Anvigè 23 septanm 2013

Avi sa a rezime pratik konfidansyalite OPWDD ak dwa konfidansyalite w yo. Yo mete yon Avi sou Pratik Konfidansyalite ki ajou. Si w gen nenpòt kesyon konsènan avi sa a, tanpri kontakte Biwo Operasyon Eta lokal pou Andikap Devlopman an.

Angajman konfidansyalite nou anvè ou

Nan OPWDD, nou pral pwoteje vi prive w epi pataje enfòmasyon sou ou sèlman ak moun ki bezwen konnen epi ki gen dwa wè enfòmasyon yo pou asire w ke w resevwa bon jan sèvis.

Ou Gen Dwa Pou:

  • Gade dosye klinik ou yo epi jwenn yon kopi;
  • Mande nou chanje dosye w yo si w panse yo pa kòrèk;
  • Mande yon lis moun ki te resevwa enfòmasyon klinik ou nan men OPWDD;
  • Mande OPWDD pou pa itilize oswa pataje enfòmasyon klinik ou nan kèk ka;
  • Mande yon kopi avi sa a sou papye;
  • Pote plent si w kwè yo vyole dwa w sou vi prive

OPWDD pral itilize oswa pataje enfòmasyon klinik ou yo ak lòt moun san konsantman w pou:

  • Tretman: pou ba w sèvis dapre Plan Sèvis Endividyalize w la oswa pou w jwenn nouvo sèvis pou ou;
  • Peman: pou w peye pa oumenm oswa yon konpayi asirans, Medicare oswa Medicaid, lòt ajans gouvènman oswa lòt moun ki responsab pou peye pou sèvis ou yo;
  • Operasyon Swen Sante: pou dirije pwogram nou yo epi asire anplwaye yo suiv règ yo; 
  • Lòt Rezon Lalwa pèmèt: tankou rezon sante ak sekirite, pwosè, demann ki fè respekte lalwa

 

Epitou, si w dakò, OPWDD pral pataje enfòmasyon w ak fanmi ak zanmi ki patisipe nan swen w.

OPWDD pral pataje enfòmasyon w pou lòt rezon sèlman si w ban nou konsantman w alekri.
 

Plent: Si ou kwè yo te vyole dwa konfidansyalite ou, ou ka pote plent bay:

  • Direktè Biwo Operasyon Eta Devlòpmantal ou a (DDSOO) 
  • Sekretè Depatman Sante ak Sèvis Imen. 200 Independence Ave. SW Washington DC 20210, telefòn: 1-877-696-6775