ADM #2025-01 Chemen pou Anplwa

Objektif

Memorandòm Direktiv Administratif (ADM) sa a dekri egzijans ki aplikab pou sèvis Chemen pou Anplwa yo, ki gen ladan estanda pwogram ak ranbousman yo. Egzijans sa yo aplike pou sèvis Chemen pou Anplwa yo bay moun ki enskri nan Egzansyon Sèvis Lakay ak Kominotè (HCBS) OPWDD a.

Jan nou koumanse

Sèvis Chemen pou Anplwa yo gen ladan yo sèvis planifikasyon ak sipò pou moun ki gen andikap devlòpmantal pou yo devlope yon plan karyè, pwofesyonèl ak tranzisyon ki pral ede yo jwenn yon travay entegre konpetitif oswa travay endepandan alavni. OPWDD te modifye règleman yo nan 14 seksyon NYCRR 635-10.4 ak 635-10.5 konsènan règleman sèvis Chemen pou Anplwa nan 14 NYCRR Pati 635 ki antre an vigè apati 1 avril 2025. ADM sa a ranplase ADM #2015-07R epi li gen ladan l enfòmasyon ki ajou an konfòmite avèk amannman regilasyon 26 fevriye a, 2025 .

Anplis egzijans ki nan ADM sa a, founisè Chemen pou Anplwa yo dwe kontinye konfòme yo avèk tout lwa, règleman ak konsèy leta ak federal ki aplikab yo.