Kalite Sèvis

Viv, travay epi patisipe nan kominote w la avèk èd sipò ak sèvis OPWDD
Satisfè Bezwen Ou yo
Travay

Si ou gen yon objektif pou travay nan kominote a epi ou bezwen asistans pou aprann konpetans oswa èd nan travay la, OPWDD ofri plizyè sèvis anplwa ki ka satisfè bezwen ou yo.

 

Jwenn konpetans travay

Sèvis lajounen

Si yon travay pa bon chemen pou ou, men ou vle vin pi endepandan epi vin yon manm aktif nan kominote w la, OPWDD ofri sèvis abilitasyon lajounen ki bay sipò pèsonèl, sosyal ak pwofesyonèl.  

 

Planifye jounen w

 

Lojman

OPWDD ka ede w bay sipò pou w viv nan kay fanmi w oswa nan yon lòt kay nan kominote w poukont ou oswa avèk lòt moun pou w ka endepandan ke posib. 

 

Viv nan kominote a

 

Resous Enfòmasyon pou Oto-Defansè ak Fanmi yo

Defann tèt yo

Jwenn resous sou paj sa a pou ede moun ki gen andikap devlòpmantal defann tèt yo epi pou sipòte zanmi ak fanmi yo nan defann yo.

Resous Fanmi yo

Paj sa a se pou manm fanmi ak lòt moun enpòtan nan lavi yon moun - tankou zanmi, paran adoptif, ak reprezantan legal oswa pèsonèl - ki ede sipòte yo epi defann yo.

Lòt opsyon sipò

Sipò ki ede w viv pi poukont ou

Modifikasyon kay ak machin, teknoloji asistans, vwazen peye ak lòt sipò ka ede w viv poukont ou nan kominote a oswa rete lakay fanmi w. Aprann plis bagay sou chak opsyon ak kijan ou ka jwenn aksè a yo.
Jwenn èd

Imèl kesyon w yo oswa fidbak yo bay Infoline OPWDD la

 

Imèl nou

Pou plis enfòmasyon sou kalite sèvis yo, kontakte biwo Front Door rejyonal ou a. 

 

Kontakte nou